Zonaj Rekouvreman Lojman Abòdab ap Avanse ak Nouvo Devlopman Lojman Abòdab (2024)

Jwenn aksè ak finansman se yon bagay ki enpòtan anpil nan kad konstwiksyon nouvo lojman abòdab, men founisè lojman yo dwe kapab antre an konkirans ak devlopè mache yo pou jwenn sit epi fè nouvo devlopman avanse gras ak pwosesis devlopman an, kote reta ajoute anpil sou depans yo ansanm ak bezwen pou sibvansyon piblik. An 2020 Vil la te adopte yon repè zonaj Rekouvreman Lojman Abòdab (AHO) pou pèmèt konstwiktè lojman abòdab yo konstwi ak plis dansite parapò ak konstwiktè tarif mache yo pou yo ka pi byen fè konpetisyon ak nouvo sit devlopman yo. AHO fasilite tou pou yon kominote ak yon pwosesis revizyon, sa k ap ede founisè lojman abòdab yo prezante nouvo pwopozisyon nan fason efikas epi ak bon pri. AHO te tounen yon modèl nasyonal ke plizyè lòt vil nan rejyon an te swiv ansanm ak kèk lòt kote nan peyi a.

An oktòb 2023 Konsèy Vil la te modifye AHO pou amelyore efikasite li nan kreyasyon nouvo lojman abòdab. Amandman an otorize devlopman lojman abòdab yo vin pi wo nan distri pi gwo dansite zonaj, gran plas, ak koridò plizyè itilizasyon, epi redui pwoblèm nan tout vil la. Chanjman sa yo pral ede devlopè san pwofi yo pi byen fè konkirans pi byen ak devlopè tarif mache yo pou sit ak pwojè epi ofri yon gwo latriye chwa lojman atravè Vil la pou fwaye tout salè, pandan y ap ede objektif Vil la nan prezèvasyon divèsite.

Avèk plis pase 725 inite abòdab yo pwopoze sou baz AHO, ki genyen ladann 446 ki an konstwiksyon, AHO a tounen yon sous ki pa t janm egziste anvan pou lojman abòdab ki pral sèvi kominote a pandan ane ki pral vini yo. Genyen twa devlòpman AHO yo ta sipoze pwopoze an 2024 avèk plizyè lòt ki ta dwe swiv, puiske AHO a te efikas nan bay founisè lojman abòdab yo konfyans pou pouswiv opòtinite devlopman pou konstwi nouvo lojman abòdab pou fè objektif lojman Vil la avanse.

Re-Zonaj Alewife la Estimile Lojman ak Devlopman Ekonomik

Vil la te reyalize planifikasyon fokalize nan Alewife, ki ta sipoze sibi gwo redevlopman komèsyal ak ofri yon opòtinite pou fè objektif Vil la avanse pou pwodiksyon lojman, vitalite ekonomik ak rezilyans anviwònmantal.

Gras ak ankourajman akizisyon 35 apan tè devlopè Denver Healthpeak, Konsèy Vil la enpoze yon entèdiksyon konstwiksyon nouvo devlopman komèsyal jiskaske yo adopte yon nouvo zonaj. Konsèy Vil la te mande anplwaye yo pou rasanble yon Gwoup Travay Zonaj Alewife pou konstwi apati rekòmandasyon Plan Distri Alewife 2019 la epi ofri règ zonaj ki pral gide kreyasyon yon nouvo katye dinamik.

Pandan plis pase 18 mwa, anplwaye vil la te dirije yon pwosesis gwoup travay ki te reyini ansanm divès enterè rezidan, biznis kominotè, enstitisyon, pwopriyetè, ak devlopè. Pwosesis la te debouche sou yon vizyon pataje pou yon distri ki genyen itilizasyon miks k ap ekilibre kwasans ekonomi an ak devlopman lojman epi livre amelyorasyon enfrastrikti enpòtan. Zonaj final la ke 9-0 manm Konsèy la te adopte kreye kad pou yon katye plizyè mòd diferan, rezilyan, epi dirab ak amenajman kominotè solid. Zonaj yo te adopte a te ogmante kantite nouvo kay ki ka konstwi epi egzije pou lojman konstwi tou pre bilding komèsyal yo. Li ankouraje tou konstwiksyon yon pon pou bekàn/pyeton pa anwo ray tren yo, kreye plis espas ouvè, epi egzije finansman pou amelyorasyon enfrastrikti yo. Pwojeksyon estimasyon devlòpman rive 2040 se ap anviwon 3,500 nouvo apatman, sa k ap genyen ladann 700 apatman abòdab.

Devlopman rezidansyèl ki nan sous la oubyen ki pa fini lontan nan zòn Alewife genyen ladann:

  • Yon bilding 106 inite, tout abòdab ap konstwi nan 52 New Street. Pwojè sa a se premye yo te pwopoze sou baz dispozisyon zonaj Rekouvreman Lojman Abòdab la.
  • Premye faz pwojè Rindge Commons nan ki nan 405 Rindge Avenue ta dwe fini an 2024 epi li genyen ladann 24 apatman abòdab sou tèt espas ki pa rezidansyèl kote esponnsò san pwofi, Just A Start, pral deplase devlopman mendèv li ak lòt pwogram. Nouvo bilding nan pral genyen tou espas pou Pwogram Preskolè Cambridge. Just A Start ap chache kounye a finansman pou li kòmanse konstwiksyon nan dezyèm faz Rindge Commons nan.
  • Genyen 49 inite ki an konstwiksyon nan 605 Concord Avenue.
  • Toll Brothers ap fini yon bilding apatman deliks 526 inite nan 55 Wheeler Street. Konplèks sa a pral ranplase yon ansyen konplèks endistriyèl ki te sèvi pou espas biwo anvan sa.
  • Yon bilding kondominyòm 44 inite nan 95 Fawcett Street te fini pandan otòn 2022.
  • Yon bilding kondominyòm 94 inite nan 75 New Street te fini 2022.
  • Yon bilding rezidansyèl 320 inite te fini an 2020 nan 201-203 Concord Turnpike.
  • Nouvo konstwiksyon 98 inite lojman lwaye abòdab te fini an 2020 nan 675 Concord Avenue, pa lòtbò Fresh Pond Reservoir. Alòske yo konnen li sou non Finch Cambridge, yo te konstwi bilding nan pou li dirab ak rezilyan e li se premye devlopman familyal ki ta pral konstwi ak estanda Passive House — yon estanda wo nivo, ki fèt sou baz pèfòmans, ak ekonomi enèji.

Lòt chanjman enpòtan ki gen rapò ak devlopman zonaj:

  • Eliminasyon Egzijans Paking Minimòm

Apati oktòb 2022 Vil Cambridge te retire egzijans paking nan lari nan kòd zonaj Vil la nan yon efò pou diminye depans ak konpleksite pou nouvo devlopman rezidansyèl epi avanse ak objektif dirablite Vil la pandan l ap diminye kantite vwayaj machin nan vil la.

Cambridge te tounen premye vil nan Massachusetts ki te elimine konplètman paking minimòm. Anvan sa, Òdonans Zonaj la te egzije pou nouvo devlopman lojman yo genyen espas paking nan lari a pa inite nan pifò kote nan vil la.

  • Konsiderasyon Lojman Familyal nan tout Vil la

Pandan dènye tèm nan, Konsèy Vil la te diskite sou fason zonaj te kapab chanje pou pèmèt lojman familyal nan distri a ki kapab pèmèt kounye a sèlman yon inite yon fanmi, de fanmi, oswa devlopman kay an ranje, k ap ouvri anviwon yon ka nan vil la. Enterè Konsèy la te konsantre sou ankouraje konstwiksyon nouvo lojman ak kreyasyon règ zonaj ekitab nan tout Vil la. Konsiderasyon apwòch sa a pral kontinye an 2024.

  • Etid Planifikasyon Massachusetts Avenue

Vil la ap antreprann yon pwosesis etid pou anvizaje chanjman zonaj nan gwo koridò itilizasyon miks sa a. Etid Planifikasyon Mass Ave (MAPS), ki genyen sou tèt li Depatman Devlopman Kominotè (CDD), ap kreye yon plan vizyon pou sa Massachusetts Avenue pral sanble an 2040 ant Alewife Brook Parkway ak Cambridge Common.

Etid sa a ki nan plan Envision Cambridge Vil la, pral etidye plizyè aspè, tankou itilizasyon teren, zonaj, konsepsyon iben, lojman, rezilyans klimatik, sipò pou ti biznis, mobilite, ak espas piblik.

Ekip la pral travay ak kominote a pou devlope yon vizyon pataje pou bay kalite devlopman demen yo fòm epi ogmante ak dirije yon pwosesis angajman pou tande tout vwa k ap viv, travay, oswa jwe nan seksyon sa a sou Mass Ave.

https://www.cambridgema.gov/Departments/communitydevelopment/massaveplanningstudy

  • Zonaj Central Square

CDD ap travay konye a sou pwosesis pou devlope chanjman zonaj nan Central Square, k ap pèmèt ak ankouraje konsans k ap kontinye, redevlopman, evolisyon distri a. An amoni ak pwosesis planifikasyon CDD te antreprann anvan an, objektif mizajou zonaj la se ogmantasyon lojman, kreyasyon espas piblik pou bati kominote, kreyasyon espas ouvè piblik anplis, sipòte divèsite kominote detayan nou yo, kiltirè, ak san pwofi nou yo, epi ofri opòtinite pou paking santralize.

Objektif la se pou genyen nouvo zonaj pare pou adopsyon Konsèy Vil la nan fen 2024 apre angajman kominotè piblik la, odyans piblik la, ak diskisyon yo. Yo atann ke travay sa a ap konte sou vizyon ak objektif kominote a ki eksprimye nan plizyè etid pandan dènye deseni an, li genyen ladann Etid Planifikasyon C2 (2013) a, Sondaj Evalyasyon Distri Komèsyal Central Square (2018), ak Etid Estasyònman Central Square Vil (2024) la. CDD te reyalize yon etid tou sou 10 pwopriyete Vil la nan zòn Central Square la pou gade fason pwopriyete sa yo te ka devlope pou fè avanse plizyè objektif ak inisyativ Vil la. Travay pral kontinye evalye opòtinite sa yo ak pwochen etap yo, ki genyen ladann angaje ak devlopman kominotè pou wè kòman espas paking nan Bishop Allen Drive te ka redevlope pou kreye nouvo lojman ki nesesè anpil nan bilding plizyè itilizasyon ki te ka kreye tou yon espas sivik ak kiltirèl ke kominote a vle.

Zonaj Rekouvreman Lojman Abòdab ap Avanse ak Nouvo Devlopman Lojman Abòdab (2024)
Top Articles
Latest Posts
Article information

Author: Jonah Leffler

Last Updated:

Views: 6060

Rating: 4.4 / 5 (65 voted)

Reviews: 88% of readers found this page helpful

Author information

Name: Jonah Leffler

Birthday: 1997-10-27

Address: 8987 Kieth Ports, Luettgenland, CT 54657-9808

Phone: +2611128251586

Job: Mining Supervisor

Hobby: Worldbuilding, Electronics, Amateur radio, Skiing, Cycling, Jogging, Taxidermy

Introduction: My name is Jonah Leffler, I am a determined, faithful, outstanding, inexpensive, cheerful, determined, smiling person who loves writing and wants to share my knowledge and understanding with you.